Rankont Lengwistik Ayisyen (RLA) (Chak dènye vandredi nan mwa a)

Rankont lengwistik ayisyen an se yon aktivite Mastè LTD (Lengwistik teyorik ak deskriptif) FLA a (Fakilte Lengwistik Aplike) ki fè pati Inivèsite Leta Ayiti a òganize nan tèt kole ak Laboratwa LangSÉ (Langue, Société, Éducation) epi GRESKA (Gwoup Rechèch sou Sans nan Kreyòl Ayisyen) nan lide pou yo envite yon chèchè vin prezante yon sijè ki gen rapò ak yon pwoblematik nan lengwistik ayisyen an ki konsène sentaks, mòfoloji, semantik, fonetik, fonoloji, elatriye. Men tou, nou asepte pwoblematik ki gen pou wè ak lengwistik jeneral. Se yon aktivite ki ap dire 120 minit k ap fèt nan fòma ekspoze epi ap gen entèraksyon ant chèchè a ak patisipan yo. Chèchè a ap gen 60 minit pou li fè ekspoze a epi lòt 60 minit la se ap moman ki rezève pou seyans kesyon /repons yo. Pafwa nou ka envite 2 chèchè vin prezante, lè sa a, yo chak ap gen 30 minit pou fè prezantasyon pa yo a.

Lyen facebook ki pi ba a ap pèmèt tout moun ki enterese suiv divès entèvansyon k ap gen pou fèt nan kad pwogram sila a:

https://www.facebook.com/profile.php?id=61565832689751

Pou plis enfòmasyon sou pwogram an konsilte dokiman pdf ki pi ba a.