Avèk nòt sa a, Konsèy Inivèsite Leta Ayiti (KILA) a ap denonse epi konteste desizyon gouvènman an pran pou kreye, pa mwayen yon Arete, epi enstale yon ògàn regilasyon ansèyman siperyè a nan do tout prensip konstitisyonèl ki an vigè yo. Yon demach konsa se yon vyolasyon grav prensip yerachi legal yo, kote yon dekrè paka kontredi yon konstitisyon ki se manman lwa peyi a.
Konsèy Inivèsite Leta Ayiti a ap pwofite raple, depi adopsyon dekrè 11 mas 2020 an sou òganizasyon, fonksyònman ak modènizasyon ansèyman siperyè a, li te angaje plizyè demach pou denonse karaktè enkonstitisyonèl tèks sa a, ki kont prensip otonomi ak endepandans inivèsite a jan Konstitisyon ayisyen 1987 la konsakre li, (kont prensip ki di Inivèsite Leta a pa dwe anba dikta okenn gwoup) sitou nan atik 32, 208 ak 209 li yo.
Nan sans sa a, KILA te adopte yon rezolisyon nan dat 25 novanm 2020, kote li te mete an gad otorite piblik yo kont aplikasyon dekrè sa a epi mande pou yo sispann li. Answit, Rektora Inivèsite Leta Ayiti te voye plizyè korespondans bay yo, espesyalman nan dat 27 dawout 2025 ak 4 novanm 2025, pou mande ouvri yon dyalòg enstitisyonèl, sispann dekrè a, epi lanse yon pwosesis konsiltasyon nasyonal sou refòm ansèyman siperyè a.
Sepandan, adopsyon dekrè sa nan Konsèy Minis 18 desanm 2025 lan, piblikasyon Arete kite pran nan jounal ofisyèl peyi an ” Le Moniteur” nan dat 30 desanm 2025, ansanm ak enstalasyon yon ògán ki sòti ladan l, pa fè lòt bagay sinon rann sitiyasyon an pi grav. Pandan ILA rekonèt nesesite pou regile ansèyman siperyè ayisyen an, li twouve desizyon sa yo riske pote gwo kou sou garanti konstitisyonèl Inivèsite Leta Ayiti epi yo ka kontribye nan ogmante gwo tansyon nan yon kontèks nasyonal kote peyi a deja ap debat ak yon kriz enstitisyonèl, sosyal ak sekirite. Desizyon gwo ponyèt sa a ap mete pikan kwenna devan Inivèsite Leta Ayiti a nan misyon li genyen pou l asire sèvis ansèyman siperyè gratis an favè jèn yo.
Pratik gwo ponyèt sa yo, ap nwi bon estabilite tout enstitisyon ak byennèt tout moun nan peyi an. Yo plis fragilize peyi an nan mete plis malè pandye sou do ansèyman siperyè piblik kou prive, epi yo se antrav pou posibilite lavi miyò. Nan istwa li, Inivèsite Leta Ayiti toujou defann prensip demokratik yo epi toujou leve kanpe anfas tout zak gwo ponyèt ak entimidasyon. Se poutèt sa, Konsèy Inivèsite Leta Ayiti a egzije retrè dekrè 11 mas 2020 an san pèdi tan, ansanm ak tout mezi ki sòti ladan l yo. Konsèy Inivèsite Leta Ayiti a pwofite lanse yon gwo apèl bay Pouvwa egzekitif la, aktè politik yo ansanm ak manm sosyete sivil la, sitou sa yo ki nan sektè ansèyman siperyè a, pou angaje yon dyalòg pou ansèyman siperyè a, nan sans enterè siperyè nasyon an.
Konsèy Inivèsite Leta Ayiti a reyafime gwo angajman l ap pran an favè dyalòg ak konsètasyon, nan respè prensip demokratik yo san mank, pou pwoteje Inivèsite Leta Ayiti, ki se yon enstitisyon otonòm ki pa dwe mare nan pye tab okenn ti gwoup. Inivèsite Leta Ayiti a jodi a se yon veritab patrimwàn nasyonal nou dwe defann ak fòs.
Pou Konsèy Inivèsite Leta Ayiti (KILA) :
Rektè Dieuseul PRÉDÉLUS
Prezidan Konsèy Inivèsite Leta Ayiti
