Diskou Pwofesè Bildadson Cadelus nan non Rektè Inivèsite Leta Ayiti nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal Lang Manman 2026

Nan dat ki te 27 fevriye 2026, Pwofesé Bildadson Cadelus ki se Direktè kabinè Rektè Inivèsite Leta Ayiti a te pran lapawòl nan non Rektè Dieuseul Prédélus nan kad selebrasyon «Jounen entènasyonal Lang Manman 2026». Nap raple jounen enpòtan sa a selebre chak ane nan dat 21 fevriye. Nou envite w pran konesans de gwo diskou sa a pwofesè Bildadson te fè nan non Rektè Dieuseul Prédélus.

Se ak anpil respè, anpil emosyon mwen pran lapawòl jodi a nan non Rektè a, pou nou selebre yon richès ki pa ka mezire, yon patrimwàn ki pa ka pèdi, yon eritaj ki pa ka vann: lang manman nou, lang kreyòl la.

Jounen Entènasyonal Lang Manman an se pa sèlman yon dat nan kalandriye. Se yon moman refleksyon. Se yon moman konsyans. Se yon moman kote nou mande tèt nou: Ki plas nou bay lang ki fè nou moun, lang ki pote nanm nou, lang ki rakonte listwa nou?

Paske lang pa sèlman sèvi pou pale. Lang sèvi pou panse. Lang sèvi pou konprann tèt nou. Lang sèvi pou konstwi yon pèp. Lang kreyòl la se pa yon senp zouti kominikasyon. Li se rasin idantite nou. Se lang granparan nou rakonte istwa. Se lang ki fè nou ri, se lang ki fè nou kriye, se lang ki fè nou reve.

Kreyòl la se memwa pèp ayisyen.  Jodi a, nou dwe di byen fò: Pa gen okenn lang ki piti. Pa gen okenn lang ki enferyè. Pa gen okenn lang ki pa ka pote konesans. Yon pèp ki pa respekte lang li, se yon pèp ki mete tèt li ajenou devan lòt pèp. Lang kreyòl la se poto mitan inite nou. Se sèl lang tout Ayisyen konprann san baryè. Kit nou soti nan vil, kit nou soti nan mòn, kit nou rich, kit nou pòv, kreyòl la mete nou ansanm.

Se poutèt sa batay pou lang kreyòl la se pa sèlman yon batay lengwistik. Se yon batay pou diyite. Se yon batay pou jistis. Se yon batay pou egalite. Paske lè yon moun pa ka aprann nan lang li konprann, yo fèmen pòt konesans la devan li. E yon peyi pa ka devlope si majorite pitit li pa gen aksè ak konesans.

Se pou sa inivèsite a gen yon gwo responsabilite. Nou dwe fè kreyòl la antre plis nan rechèch. Nou dwe fè kreyòl la antre plis nan ansèyman. Nou dwe fè kreyòl la antre plis nan pwodiksyon syantifik. Se nan menm lespri sa a tou, Inivèsite a ansanm ak Akademi Kreyòl Ayisyen pran yon bèl inisyativ tèt kole pou ankouraje itilizasyon lang kreyòl la nan domèn syantifik.

Inisyativ sa a mennen nou rive lanse yon konkou bous espesyal pou sipòte etidyan kap prepare memwa yo an kreyòl. Se yon gwo jefò ki fèt pou pèmèt lang kreyòl la pran plas li nan pwodiksyon konesans.

Paske lè rechèch fèt an kreyòl, se pa sèlman lang nan kap grandi.
Se kapasite yon pèp pou li panse ak pwòp tèt li ki vin pi fò. Se konsa tou nou kòmanse bati yon tradisyon syantifik an kreyòl, yon patrimwàn entelektyèl ki ap sèvi jenerasyon jodi a ak jenerasyon kap vini yo.

Inivèsite a pran angajman pou kontinye mache sou wout sa a, pou kreyòl la pa sèlman lang nou pale, men pou li vin lang nou panse, lang nou aprann, ak lang nou pwodwi konesans.

Jodi a, nou dwe pran angajman pou nou pa wont pale kreyòl, pou nou ekri kreyòl, pou nou valorize kreyòl, pou nou transmèt kreyòl bay jenerasyon kap vini yo.

Nou dwe konprann tou kesyon lang lan se kesyon souverènte entelektyèl. Yon peyi ki panse nan lang pa li, se yon peyi ki pa prete je pou li wè ni prete bouch pou li pale. Se yon peyi ki pran desten li nan men li. Lè nou chwazi valorize kreyòl la nan inivèsite, nan rechèch, nan administrasyon, nou pa fè yon jès senbolik; nou poze yon aks fondamantal pou liberasyon lespri nou. Paske vrè endepandans lan pa sèlman nan tè ak fwontyè, li nan kapasite yon pèp pou li pwodwi lide, syans, vizyon ak solisyon nan pwòp lang li. Se sa ki va bay jenerasyon kap vini yo konfyans, fyète ak fòs pou yo leve tèt yo byen wo sou sèn mondyal la.

Chè frè ak sè mwen yo, se ak lang pa nou nou dwe bati peyi pa nou. Se ak lang pa nou nou dwe fòme lespri nou. Se ak lang pa nou nou dwe trase chemen libète nou.

Nan non Rektè a, mwen swete Jounen Entènasyonal Lang Manman an pa rete yon selebrasyon sèlman, men pou li tounen yon angajman.

Yon angajman pou nou respekte tèt nou. Yon angajman pou nou respekte rasin nou. Yon angajman pou nou respekte lang nou.

Paske lè nou respekte lang nou, se tèt pa nou nou respekte.

Viv lang kreyòl la, Viv kilti ayisyen, Viv diyite pèp ayisyen.

Mèsi anpil.

Pou Rektè Dieuseul PREDELUS, Bildadson CADELUS, Direktè Kabinè.