Anpil moun ka poze divès kesyon sou pètinans seremoni jodi a.
Pouki sa yon Protokòl sou Alfabetizasyon? Eske se pa yon Akò anplis ? Eske se pa yon chobiz ?
Nan moman tout moun ap pale de gwo teknoloji, de entelijans atifisyèl, entenèt 5 g, elatriye, pouki se sou zafè alfabetizasyon n ap vini ? Eske se pa yon pawòl aryere, ki ekspire depi diktantan, n ap resisite ?
Epitou, nou pa menm ka voye tout timoun lekòl. Pou ki nou pa mete tout jefò nou, tout enèji nou, nou resous nou, nan pèmèt tout timoun al lekòl ? Epi firamezi, tipa tipa, tout moun ap fini pa konn li. Eske se pa yon gaspiyaj, lè nou vle bay alfabetizasyon tout enpòtans sa a ?
Boutofen, eske n pap rantre nan yon lojik lave men siye a tè ? Pou ki sa n ap siyen yon akò nou byen konnen ki riske al chwe nan yon tiwa bliye, yon akò ki pa gen anpil chans pou l aplike ? Nou byen konnen alfabetizasyon pa priyorite jounen jodi a.
Enben, jisteman !!! Dènye pwen sa a se yonn nan gwo rezon ki fè nou chwazi siyen Pwotokòl sa a. Pou n fè sonje Ajanda fondalnatal nasyon an. Pou n fè sonje genyen anndan peyi a yon seri de sitiyasyon nou pa dwe aksepte, nou pa dwe tolere. Yon seri de reyalite nou dwe fè tout posib nou pou yo kaba, fini, kapout.
Yonn nan sitiyasyon sa yo se analfabetis. Li pa nòmal, pou nan syèk n ap viv la, toujou gen moun ki pa konn li, ki pa konn ekri, ki pa konn siyen non yo. Tankou tou li pa nòmal pou tout timoun pa ka al lekòl, pa ka jwenn bon jan lekòl. Epi nou pa gen pou n chwazi ant yonn ak lòt. Yo toulede fè pati dwa fondalnatal tout pitit peyi a. Manman Lwa peyi a klè sou sa. Li di nan Atik 32 li : premye travay Leta se kreye kondisyon pou tout timoun al lekòl. Nan menm chapit la, nou jwenn kesyon alfabetizasyon an kom youn nan devwa Leta genyen, dekwa pou tout sitwayen yo konn li ak ekri komsadwa.
Si n ta pran yon ti tan pou n reflechi sou pwoblematik sa a, sou enpak li, sou konsekans li, n ap sezi wè ki mal li fè peyi a ak tout sosyete a.
Eske nou imajine sa sa vle di pou moun nan ki pa ka ni li ni ekri ? Ki jan l santi l, ki jan l viv li? Eske nou imajine limitasyon sitwayen sa a devan lòt moun, devan kolektivite a, devan Leta, devan lajistis, devan pitit li, devan fanmiy li ?
Eske nou imajine nivo depandans sitwayen sa a ki toujou rete yon timoun devan tout lòt moun ki konn li, menm moun ki pi piti pase l ?
Eske nou janm panse sou wòl sitiyasyon sa a genyen sou maltande ak malkonprann ki blayi sou peyi a sitelman nou nan yon kakofoni san limit kote yonn pa ka tande lòt, yonn pa ka konprann lòt, yonn ak lòt pa ka met ansanm pou yo fè yon peyi mache ? Eske nou janm reflechi sou enpak analfabetis la ka genyen sou reta ekonomik nou, sou inegalite sosyal yo, sou enstabilite n ap trennen depi yon tan nou pa ka kalkile ?
Nou gen sitelman lontan n ap viv ak fenomèn sa yo anndan sosyete a, yo vin parèt nou nòmal, banal, sanzenpotans. Alòske se yo k ap detwi sosyete n nan , se yo k ap detwi nou, se yo k fè kèkfwa nou wè nwa, nou pa konn ki wout pou n fè, ki kote pou n gade.
Se pou sa, nou vle pwofite seremoni jodi a pou n sonnen yon kout lanbi revèy, yon kout lanbi konsyans, bay Leta, bay sosyete a, bay moun ki gen mwayen, bay moun ki gen enterè nan peyi a, pou yo sonje, gen yon seri travay, gen yon seri devwa nou pa ka kontinye bliye, nou pa ka kontinye neglije. Paske si yo pa fèt, peyi a pap janm pran yon souf, peyi a pap janm rive modènize, peyi pap janm ateri nan 21ème syèk la, peyi a pap janm rive mache sou 2 pye l, peyi ap kontinye rate opòtinite. Alfabetizasyon se yonn nan travay sa yo, se yonn nan devwa sa yo.
Konstitisyon 87 la mande pou gen yon vre kanpay alfabetizasyon pou kwape definitivman zafè pa konn li pa konn ekri a, dekwa pou tout pitit peyi a ka ranmase lakonesans, ranmase limyè pou yo patisipe egalego nan konbit relèvman nasyon an.
Se pa reve n ap reve. Peyi a gen kapasite leve ti defi sa a. Si nou chache, si nou met ansanm, si nou gen volonte, n ap jwenn mwayen, edmitwaka.
N ap pwofite okazyon sa a pou n voye yon gwo kout chapo pou Sekretè Deta Alfabetizasyon an, pou volonte, deteminasyon, lafwa l genyen nan travay li. Yon gwo mèsi ak yon chay konpliman pou ekip Inivèsite Leta a, reprezantan FLA, reprezantan Lekòl Nòmal, reprezantan CHCL Limonad ki te pote kole pou nou rive mete Pwotokòl sa a sou pye. San n pa bliye kolaboratè Sekretèe Deta a ki jwe wòl yo kòmsadwa.
Nou remake mwen menm ak Sekretè Deta a, nou te chwazi jounen jodi a pou n siyen Pwotokòl sa a. Jounen Jodi a, 27 oktob, sa vle di, lavèy Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl, ki se 28 oktòb. Se pou n raple pwomosyon lang kreyòl, pwomosyon kilti kreyòl, pwomosyon ak defans lang ak kiliti kreyòl, pwomosyon ak defans idantite nou, valè nou, pou nou alèz ak tèt nou, pou nou panse ak pwòp tèt nou, pou nou pa wont sa nou ye, sa nou genyen, sa nou kwè, tou sa yo fè pati travay nou , devwa nou , kòm sitwayen, kòm pèp, kòm nasyon. Tou sa fè pati Ajenda Fondalnatal nasyon an.
Mwen swete nou yon Bon Jounen Lang ak Kilti Kreyòl.
Mèsi anpil.
27 Oktòb 2020
Fritz Deshommes
Rektè UEH