Yon nouvo pwotokòl akò pou bay alfabetizasyon jarèt an Ayiti

Inivèsite Leta Ayiti a avèk Sekretèri Leta pou Alfabetizasyon an siyen yon pwotokòl akò nan jounen madi 27 oktòb la pou mete jefò yo ansanm nan sa ki gen awè avèk koze alfabetizasyon an Ayiti. Rektè UEH la, pwofesè Fritz Deshommes, ak Sekretè deta pou alfabetizasyon an, Hervé Saintilus, te poze siyati yo sou dokiman pwotokòl sila nan moman seremoni ki te òganize nan okazyon an t ap dewoule nan lokal Rektora inivèsite a. Seremoni sila te òganize an prezans plizyè pèsonalite piblik ak manm kominote inivèsite a.  Nan kad Pwotokòl akò sa a ki chita sou plizyè pwen, 2 pati yo deside :

  1. Travay nan tèt ansanm pou ankouraje Leta ayisyen atravè divès enstitisyon tankou :Ministè lajistis, Près nasyonal, Achiv nasyonal ak Biwo Eta Sivil yo, pran tout dispozisyon pou nou gen de (2) vèsyon tout dokiman ak sivil yo nan de (2) lang ofisyèl Repiblik la ( kreyòl ak franse) nan yon langaj senp, klè pi fò moun kapab konprann.
  • Kreye yon chè Alfabetizasyon, Edikasyon granmoun ak kilti kreyòl nan fakilte Inivèsite Leta a ki pi pwòch domèn nan;
  • Chèche finansman pou ede etidyan ki vle fè memwa yo an kreyòl sou alfabetizasyon ak edikasyon granmoun nan peyi d Ayiti epi kreye yon pri rekonpans pou ankouraje tout efò rechèch nan peyi a nan domèn alfabetizasyon ak edikasyon granmoun;
  • Ouvri Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an pou akeyi etidyan finisan ki enterese fè estaj yo nan domèn alfabetizasyon nan biwo santral oswa nan kòdinasyon depatmantal yo si y ap fè etid teren;
  • Kreye kondisyon serye pou fasilite patisipasyon etidyan inivèsite Leta kou inivèsite prive nan yon vrè kanpay nasyonal alfabetizasyon efikas epi ba yo sètifika sèvis sosyal yo kòmsadwa;
  • Devlope yon plan pou revize materyèl alfabetizasyon SEA ap itilize yo oubyen pou pwodui lòt materyèl didaktik ki mache ak reyalite jodi a;
  • Prepare nouvo politik piblik SEA dwe genyen sou kesyon alfabetizasyon ak edikasyon granmoun.

Dirijan 2 enstitisyon ki t ap siyen pwotokòl akò sila sou koze alfabetizasyon, ki mete aksan tou sou edikasyon enfòmèl ak valorizasyon ekitab pou de (2) lang ofisyèl peyi a (Kreyòl ak Franse), te chwazi dat 27 oktòb la ki se lavèy jounen entènasyonal lang Kreyòl la pou raple genyen yon seri koze nou pakab mete sou kote nan peyi a tankou difikilte ak esklizyon moun ki pa konn ni li ni ekri yo epi ki pale Kreyòl sèlman.

Inite kominikasyon Inivèsite Leta d Ayiti

Telechaje pwotokòl ak akò a