Mesaj Rektè Inivèsite Leta a nan okazyon Fèt Drapo ak Inivèsite a 18 me 2023

Nan ane 2023 sa a, nan moman n ap selebre Patrimwàn peyi d Ayiti a, Fèt Inivèsite a byen tonbe.

Paske Inivèsite a marye ak Patrimwàn nan sou plizyè dimansyon.

  1. Inivèsite a pou kont li se yon patrimwàn ;
  2. Yonn nan fonksyon Inivèsite a se idantifye, revele, pwomouvwa epi valorize patrimwàn peyi a ;
  3. Pi gwo patrimwàn yon peyi genyen, se moun. Se kalite moun  li pwodwi, moun ki make dantan l, ki make prezan l, moun ki prepare avni li. Se Inivèsite a ki gen wòl pou fòme kad, pou fòme dirijan, pou fòme pwofesyonèl, pou fòme moun ki pou kenbe peyi a djanm epi ki pou asire demen l.
  4. Epi nou pap bliye, premye senbòl peyi a, ki limenm tou se yon patrimwàn, se Drapo a, drapo nou an n ap fete jodia tou, drapo nou an ki marye ak Inivèsite a. Drapo sa a ki ede kreye anpil lòt drapo  anpil lòt peyi sou latè, tankou Kolonbi, Ekwatè, Panama, Venezuela, Bolivi, Perou, elatriye

E nan moman n ap viv jounen jodia, nan moman peyi a ap pèdi moun chak jou pi plis, nan moman anpil nan nou ap pèdi lespwa, nan moman n ap debat anba yon kriz ki riske atake tout nannan, tout fondman, tout fondalnatal peyi nou an, Inivèsite a , Inivèsite nou yo, santi yo gen plis responsablite, Inivèsite nou yo santi yo gen yon pi gwo wòl pou yo jwe nan batay pou kenbe peyi a, pou anpeche l fè fon, pou ede l renouvle tèt li.

Inivèsite a byen konprann se nan moman sa a pou l chache fòme plis jèn, pou l pwodwi plis  pwofesyonèl, plis doktè, enjenyè, avoka, agwonòm, ekonomis, jesyonè, sikològ, sosyològ, antwopològ, istoryen, plis pwofesè, plis teknisyen, pou ranplase sa k ap kite peyi yo, tout sa n ap pèdi  yo nan divès kondisyon.

Inivèsite yo byen konprann se moman pou nou ensiste sou kapasite refleksyon jèn yo, pou nou fòmate konsyans sivik sitwayen yo pi byen, pou nou fè plis jefò pou n panse ak pwòp tèt nou, pou nou reflechi ak pwòp tèt nou, pou nou chache jwenn solisyon pwoblèm peyi a nan nannan reyalite peyi a dabò, pou nou pou n aprann voye je n pi souvan, pi plis, nan direksyon peyi a, anndan peyi a, an premye,

Inivèsite a byen konprann se nan moman sa a pou nou fè plis rechèch, plis ankèt, plis etid,  pou nou rive konprann kalite malè k blayi sou peyi a, kote l sòti, ki jan n fè rive la a, èske se nou sèl sa rive, ki sa pou n fè pou n soti ladan, ki sa pou n fè pou lè n sòti nou pa janm tounen ladann ankò.

Se nan moman sa a pou n chache dekouvri kalite richès peyi nou an genyen, pou nou revele potansyèl ak kapasite moun ak resous nasyon an. Moman pou n konprann tèt nou pi plis, konprann sosyete a, dekouvri tout fasèt reyalite nou.

Dekwa pou dirijan yo ka jwenn bon jan done pou yo elabore bon jan politik piblik.

Dekwa pou n toujou sonje ki kalite nasyon nou ye, ki kalite wòl nou jwe nan liberasyon plizyè kalite moun, fanm tankou gason, nwa tankou blan,   plizyè kalite pèp sou latè beni. Pou nou pa bliye ki sa nou reprezante pou vwazen, pou Karayib la, pou Amerik Latin nan, pou tout nasyon ki t ap chache libète. Ak pou tout limanite. Epi ki kalite dèt plizyè pèp soulatè genyen pou ti nasyon sa a ki rele Ayiti a.

Dekwa pou nou sispann pran Nanna pou Sizàn. Pou yo sispann di n nou pa gen anyen, nou pa ka fè anyen, nou pa janm fè anyen, nou pa vo anyen.

Dekwa pou n rive reprann kap nou, pou n rive repran n la lwa vant nou, yon fason  pou pifò sa n ap manje, pifò sa n ap bwè, se peyi Dayiti ki pwodwi yo. Inivèsite yo la pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt .

Dekwa pou n gen plis rezon renmen peyi nou, renmen tèt nou, renmen konpatriyòt nou, kelkilanswa nivo l, koulè po l, kilti l, relijyon l, nivo richès li. Pou n gen plis rezon jwenn konviksyon nou tout se frè, nou tout se Ayisyen, nou tout gen dwa viv. Pou n gen plis rezon kole zepòl ak zepòl.

Nan dènye moman sa yo, Inivèsite nou yo, prive tankou piblik, fè anpil jefò

Pou yo rete louvri.

Pou yo fonksyone

Pou yo deplwaye teknoloji

Pou yo ajiste yo nan sitiyasyon an

Pou yo devlope nouvo pwogram

Pou chache opòtinite pou etidyan yo

Pou yo kontinye fòme pwofesè yo

Pou yo fè rechèch

Pou yo ranpli misyon sèvis pou kominote a

Pou yo kontinye fòme sitwayen, fòme pwofesyonèl ki pou ranplase sa k pati yo.

Yonn nan bèl egzanp Inivèsite yo ban nou, se kreyasyon  ReNES, ki se  Rezo Nasyonal pou Anseyman Siperyè Piblik peyi d Ayiti. Se te nan komansman semenn sa a Inivèsite Leta d Ayiti a ak Inivèsite Piblik ki an pwovens yo te lanse rezo sa a. Se yon jefò tèt ansanm k ap pèmèt yo pataje resous, bay jèn yo pi bon fòmasyon, bay Leta ak sosyete a pi bon sèvis.

N ap pwofite moman sa a pou n voye yon gwo kout chapo pou tout manm kominote inivèsitè a – pwofesè, etidyan, manm pèsonèl, dirijan yo – ki pa kite sitiyasyon peyi a ak dekourajman kraze volonte ak anvi yo genyen pou yo aprann, pou yo meble lespri yo, pou yo pataje, pou yo pwodwi, pou yo dekouvri konesans, pou yo mete kondisyon pou pwofesè ak etidyan ka kenbe abitid vin suiv kou, vin bay kou, kontinye fè rechèch, kontinye pèmèt lasyans ateri nan sosyete nou an. Jounen jodia, travay sa yo konn mande anpil jefò, anpil sakrifis, anpil brave danje. Se yon gwo garanti pou avni peyi nou an.

Se pou sa Inivèsite yo ta mande plis konpreyansyon, plis atansyon nan men sosyete a, nan men Leta, nan men tout moun ak tout enstitisyon ki rete  kwè nan peyi nou an, ki kwè li gen pou l remanbre, li  gen pou l retonbe sou de pye l, li  gen pou l remete tèt dwat  sou chemen zansèt yo te trase pou li a. Pou l tounen –  tankou yon 18 me 1803, yon premye janvye 1804 – yon referans, yon limyè, yon modèl pou tout pitit li ak pou limanite.

Inivèsite a swete tabli pi bon relasyon ak tout sektè nan peyi a.

Inivèsite a bezwen plis resous, plis mwayen pou l fè travay li. 

Inivèsite a bezwen plis oryantasyon. Pou moun l ap fòme yo, pou etid l ap fè yo, konesans l ap pwodwi yo kadre ak priyorite plan devlopman peyi a

Anmenm tan tou, Inivèsite a bezwen plis regilasyon, plis kontwòl, plis sipèvizyon nan tout nivo systèm nan. Pou se ekselans akademik ki pale, pou evite tout dezòd, tout deriv nou konnen k egziste nan sistèm nan.

Se pou sa, nan okazyon Fèt Inivèsite a, nou swete pou Leta a pran de (2) gwo desizyon :

  1. Pou Leta mete sou pye yon veritab politik ansèyman siperyè kote – sou baz oryantasyon Konstitisyon peyi a trase nan domèn politik, nan domèn ekonomik, nan domèn sosyal, nan domèn kiltirèl, – Inivèsite yo ka entegre nan yon plan devlopman ki pèmèt nou konnen pi klè ki wout peyi a ap pran ak ki wòl Inivesite yo nan plan sa a. Pwotokòl Akò Leta te siyen ak UEH la nan dat 17 me 2018 se yon bon egzanp kalite relasyon Leta ka gen ak Inivèsite yo. Nou toujou espere Leta ap fini pa ranpli angajman l pran nan kad  Pwotokòl sa a.
  • Se pou Leta pa ezite mete bonjan kontwòl sou jan anpil Inivèsite ak Lekòl Siperyè ap fonksyone. Se pou, lè se yon inivesite ki pran desizyon mete lòd lakay li, Leta pa dwe rete endiferan. Okontrè, Leta dwe ankouraje l, ba l zouti l manke yo, anpeche moun pran Inivèsite pou yo fè move lajan, pandan y ap twonpe jenès la ki sitèlman swaf aprann.

Sou menm kesyon kontwòl sa a, se pou Leta konsanti fè yon bonjan pase men nan de (2) Dekrè ki te sòti nan mwa mas 2020 yo sou Ansèyman Siperyè ak Rechèch.  Pou dekrè sa yo ka reflete pi byen reyalite Inivèsite peyi d Ayiti yo, pou yo pa depaman ak manman lwa peyi a, epi bay Leta pi bon zouti pou l jwe wòl estratejik li nan sektè a. Konsa dekrè sa yo ap gen plis lejimite, ap rale plis konsansis k ap pèmèt Leta mete bonjan kontwòl sou fonksyonman Inivèsite yo.

Kanta sektè prive a ak sosyete a, nou swete pou voye je gade Inivèsite yo pi souvan. Pou sektè prive a rive konprann jan l gen enterè pou Inivèsite yo vin pi djanm nan peyi a. Pou l pa bliye se inivèsite a ki pou fòme kad ak dirijan l yo, se Inivèsite a ki pou pèmèt li prodwi pi byen, pi plis ; se Inivèsite a ki pou pèmèt li modènize , vanse pi devan . Epi rantre fon nan batay devlopman peyi a pandan l ap devlope tèt li.

Se pou sosyete a pran desizyon makònen ak Inivèsite a pou tout sektè nan peyi a vin pi solid. Paske gen lontan yo dekouvri plis yon peyi gen Inivèsite, plis yon peyi gen pi bon Inivèsite, plis sosyete a bay Inivèsite l yo valè, plis sosyete a sèvi ak Inivèsite l yo, sosyete sa a gen plis chans vanse sou chemen pwogrè, sou chemen devlopman, sou chemen pwosperite.

Inivèsite a pare pou l leve gwo defi sitiyasyon espesyal sa a mande. Inivèsite a gen konsyans responsablite l ogmante jounen jodi a.

Annantandan, n ap swete tout tout otorite, tout pwofesè, tout etidyan, tout pèsonèl, tout dirijan, tout elèv, tout moun alawonnbadè :

Bon Fèt Drapo

Bon Fèt Inivèsite

Mesi anpil

18 me 2023

Fritz Deshommes

Rektè UEH