Diskou rektè Inivèsite Leta Dayiti Fritz Deshommes nan fineray Dr Audalbert Bien-Aimé, Prezidan Kanpis Henry Christophe nan Limonad

N ap pran tan, n ap pran anpil tan, pou n mezire gwosè pèt sa a nou fè  jounen jodi a ak lanmò Dr Audalbert Bien-Aimé.

Tankou n ap pran tan pou n konnen, pou n konprann, tout dimansyon, tout kapasite ansyen  Direktè Prodiksyon Animal la, Ansyen Visdwayen Akademik lan, Ansyen  Prezidan CHCL la,  ansyen manm komisyon refom UEH la, ansyen manm Komisyon Syantifik la, ki te toujou rete yon pwofesè, yon chèchè, yon inivèsitè konplè. Epitou yon MOUN, yon moun tout bon, yon bon nèg.

Premye okazyon m te gen pou m te pratike Visdwayen Audalbert Bien-Aimé, se te nan Komisyon Refòm UEH la. Nou te konn kwaze anvan. Men se nan komisyon Refòm nan yonn vin konn lòt toutbon. Pandan 4 lane – ant 2008 ak 2012 -,   nou rankontre preske chak semènn pou n wè si n ta rive prepare Plan Refòm ak tout lwa Oganik Inivèsite nou an, jan Dispozisyon Tranzitwa UEH la mande sa .  Nou te dwe 13. Men se te nou 5-6 ki te rive pouswiv misyon an jouk nan bout li, jis kote yo te kite n rive a. Pami 5-6 sa yo, Dòk Bèbè – se ti non yo te ba l nan Fakilte Agwonomi – te fe pati moun ki te prezan pi souvan yo. Diskisyon yo te enteresan, yo te rich men yo te  konn cho tou nan mitan nou. Men si gen yon moun ki pa janm leve vwa l, ki pa janm di yon mo anplis oswa yon mo k pa kadre, se te Dr Bien-Aimé.

E se pa paske l pa gen lide. Se pa paske l pap di sa l panse. Okontrè, l ap pran tan l pou l eksplike w, pou l chache konvenk ou, pou l chache rale w sou vizyon pa l la. San bri, san kont. Men tou, li toujou pare pou l ba w rezon le l wè se ou k gen rezon. Epi li pa t janm fè bak lè Komisyon an ba l yon misyon. Menm lè yo pa mande l, li konn pran sou do l pou l fè yon travay,  sitou lè l santi nou nan yon enpas oswa lè l wè pèsòn lòt moun pa fè l

Lè Pwofesè Jean-Marie Théodate demisyone kòm Prezidan CHCL, anndan Konsèy Egzekitif la, tèt nou te cho. Ki moun nou pral jwenn ki gen kapasite ak volonte ranmase gwosè chay sa a ? Lè sa a kanpis la te nan gwo pwoblèm.  Se te grèv sou grèv, manifestasyon sou manifestasyon, ak tout lòt difikilte nou ka imajine n nan moman sa, a kote se te premye fwa peyi Dayiti t ap fè eksperyans yon gwo kanpis konsa,  nan yon vil ki pa Pòtoprens, anplis.  Nan chache chache,  nou site anpil non.  Lè Rektè Vernet te rive sou non Dr Bien-Aimé, nou te santi tankou yon soulajman, yon ravisman ak tout yon kè kontan. Nou te santi pou kalite moun Bèbè te ye a ak eksperyans li nan Fakilte Agwonomi, nou pa ta ka jwenn miyò.

Men èske l ap aksepte ? Eske l ap kite Damien kote l byen alèz, kote tout moun renmen l, tout moun respekte l,  kote l se yon referans, pou l al mete tèt li nan Limonad sa a ki gen tout pwoblèm yon moun ka imajine,  san konte tout sa w pa t ap janm  ka imajine ?

Tankou yon sòlda, yon bon sòlda, Bèbè aksepte leve defi  a, kòm Prezidan konsèy CHCL la nan tèt yon ekip ki gen ladan l Pwofesè Hérissé Guirand ak Pwofesè Maxwell Bellefleur kòm Visprezidan. E sikonstans yo te vle se mwen menm ki te gen privilèj enstale Konsèy sa a nan dat 3 novanm 2015.

Eksperyans Limonad la pral pèmèt nou dekouvri yon lòt dimansyon nan karaktè ak kapasite Dr Audalbert Bien-Aimé.  An nou rezime kesyon an : se Prezidan Bien-Aimé ak konsèy li dirije a ki bay Limonad fòm. Se li k mete l nan yon kad, nan yon  moul , ki fè jounen jodia nou ka pale de Limonad san kè sote, ak  anpil  fyète, kòm yon modèl sou anpil pwen, yon pyonye nan  anpil inisyativ lòt antite nan UEH la ak tout systèm ansèyman siperyè  peyi Dayiti a ta dwe swiv nètalkole.

Si pou n ta pran tan detaye kantite ak kalite travay Prezidan Audalbert ak tout ekip li a fè sou kanpis la, nou pa t ap fini. Travay :

  • nan domèn gouvènans
  • nan domèn administratif
  • nan domèn enstitisyonèl
  • nan domèn akademik
  • nan domèn rechèch
  • nan domèn kooperasyon rejyonal, nasyonal ak entènasyonal
  • nan domèn jesyon kriz

Jounen jodi a, rezilta yo la : atmosfè travay sou kanpis la, disiplin ki tabli, imaj kanpis la, prestij kanpis la, kalite fòmasyon l ap bay, kalite pwodwi l ap met sou mache a.

Jounen jodi a, kanpis la angaje nan plizyè pwojè rechèch, plizyè pwojè kooperasyon nasyonal ak entènasyonal

Jounen jodi a, kanpis la gen mak fabrik li : yon kote se ekselans ki pale, se sou kapasite w ak merit ou w ap vanse. E CHCL sou  wout pou l vin kote ki fè plis estaj pratik anndan UEH ak tout ansèyman siperyè peyi d Ayiti.

Gen yon bagay ki pase yè apremidi isi a ki dwe fè Prezidan Audalbert rejwi anpil kote l ye a : nan tout seremoni omaj la, se Lekòl Boza (Beaux-Arts) kanpis la ki anime pati atistik ak kiltirèl la. Eske nou konnen, nan tout UEH la ak nan tout peyi d Ayiti, se sèl CHCL ki ofri yon pwogram lisans nan domèn sa a ?

Epi yon pwen fondamantal : kanpis la deja rantre nan prepare relèv li. Jounen jodia, gen plis pase 20 ansyen etidyan, pami loreya yo k ap travay kòm monitè. Gentan gen 5 lisansye kanpis la ki gen diplòm metriz. De (2) nan yo gen tan foul pwofesè sou kanpis la.

Kanpis la gen tan pèmèt sis (6) pwofesè l al pran bonjan diplòm doktora.

Konnye a la a, gen plis pase yon ventèn  pwofesè k ap etidye nan lòt inivèsite nan nivo Mastè ak Doktora. 

Le nou gade tou sa Prezidan Audalbert rive reyalize sou kanpis la nan kondisyon nou konnen yo, nou pa ka pa wete chapo n . Li menm rive fè de bagay nou menm nan Rektora a nou te septik sou yo. Yonn nan yo se pwojè Lekòl Medsin nan li rive fè ateri kòmsadwa.

Se vre, fòk nou rekonèt li pa fè yo pou kont li. Se travay tout Konsèy Jesyon an ak 2 VisPrezidan yo. Se travay tout lòt responsab yo, nan Sekretarya Jeneral la, nan direksyon yo, nan filyè yo, nan administrasyon an, nan tout kò kanpis la. Anba lidèchip li.

Lè m fin viv 2 eksperyans sa yo, mwen te konprann mwen te konn tout dimansyon Prezidan Audalbert Bien-Aimé. Men plis m ap tande yo pale de li, plis m ap rann mwen kont m gen anpil anpil bagay pou aprann sou li.

Poudayè, lè w gade Bèbè, ou pap gen enpresyon se yon moun ki bon pou tout pyès sa yo : yon pwofesè ki make etidyan l yo, yon syantifik òtpòt ki fè anpil rechèch, ki fòme anpil chèchè, ki pibliye anpil atik syantifik enpòtan, yon gran administratè, yon gran òganizatè, yon gran vizyonè. Epi se pa nan bouch Dòk Bèbè ni nan atitid li w ap aprann li pami  pwofesè k pi ansyen nan UEH la k ap anseye ak yon diplòm doktora.

Ban m eseye pataje ak nou kèk mo, kèk kalifikatif m tande sou Prezidan Audalbert :

Brillant, modeste, rigoureux, loyal, digne, patient, mesuré, juste, laborieux, travailleur, humble, exemplaire, généreux, patriote, disponible, sens du devoir, passion du bien commun, sens du leadership, honneur, sincère, honnête, intègre, compétent, équilibré, conciliant, droit, courageux, empathique, lucide, charismatique, altruiste, humaniste, honorable, infatigable, plaisant,  sage, doux, tranquille, tolérant,  fort, simple, remarquable, indulgent, bienveillant, ferme, noble, optimiste, discipliné, rationnel, efficace, désintéressé, dynamique, respectueux.

Un géant, un  génie, un  mentor, un saint homme, un mapou, un penseur de grand calibre, un père (ABA, père en hébreu),un  père spirituel, le Toussaint Louverture du campus, un éducateur chevronné, un rude travailleur, une voix de sagesse et de motivation, un saint homme, un apôtre, un Maitre, un bâtisseur,  un patrimoine, une bibliothèque ambulante, un potomitan.

Sens du devoir et des responsabilités, la passion du bien commun, sens du leadership, sens de l’autre, esprit d’équipe, savoir-faire, sens du partage, force de caractère, sens du partage, sens de l’humour, amant de la discipline, sens éthique très elevé…

Anpil moun ka panse kòm li mouri nap di tout bon bagay sou li. Men pou sa m te konn de li, pou valè temwanyaj mwen li, mwen tande,  mwen dakò nètalkole ak yon kòlèg ki deklare :

Se te yonn nan pi gwo pèsonalite UEH la te janm pwodwi, yon pèsonaj ekstraòdinè ki dedye tout karyè l nan sèvis etidyan, pwofesè, Fakilte Agwonomi, CHCL, UEH la, nan sèvis depatman gran Nò a, nan sèvis tout peyi a.

Anverite, anverite, n ap pran tan, n ap pran anpil tan, pou n mezire gwosè pèt sa a nou fè jounen  jodi a ak lanmò Dr Audalbert Bien-Aimé.

M sèten anpil nan nou, si se pa nou tout, ta renmen pou l ta toujou la ak nou, pou n ta kontinye benefisye tout gwo kalite sa yo. Gen nan nou k ta menm regrèt yo pa rive remèt li tout sa l ta ban nou o swa dèske yo pa t rive konprann li.

Enben, nou gen yon jan n ka fè pou n chache diminye chay regrè sa yo. Nou gen yon jan n ka fè l kontinye viv nan nou, nan mitan nou.

Nan sans sa a, m ap envite n pran menm chimen ak anpil kolèg ki te pale yè apremidi e ki te pran angajman pou kontinye travay Prezidan Audalbert te komanse : pwojè rechèch li te ekri oswa l te enspire, pwojè Bibliyotèk vityel Doktè  Dube te pale a, pwojè antreprenarya a ak INNOVE (Institut National d’Optimisation des Valeurs Entrepreneuriales nan CHCL), pwojè estati ak regleman entèn kanpis la, pwojè kreyasyon 5 Fakilte nan kanpis la, pwojè enfrastrikti, elatriye. Brèf, tout pwojè k nan plan d Aksyon  l te prepare a pou rès   manda Konsèy Jesyon an k ap fini nan fen ane 2021 sa a. De koi pou nouvo Konsèy k ap pran tèt kanpis la nan eleksyon ki gen pou fèt anvan lane 2022 a ka komanse manda l nan bon kondisyon.

Nou ta dwe tou chache swiv egzanp li, nan sa l te reprezante kòm moun, kòm inivèsitè, kom dirijan, kòm sitwayen, kòm patriyòt. Kite l enspire nou, nan lavi nou, nan panse nou, nan travay nou, nan rèv nou. Chache mande tèt nou nan chak sitiyasyon difisil, nan chak enpas, kijan Dòk Bèbè t ap fè l. Ranmase ak lafwa tout kapital bonte, imanis, konpetans, kouraj, imilite, modesti, diyite,  rigè, anpati, vizyon nou jwenn nan li. Se konsa nou ka rive depase tout la penn, tout doulè, tout regrè nou santi jodi a.

Nan non Inivèsite Leta d Ayiti ak nan non pa m, mwen koube m byen ba pou m salye potorik gason sa a.

N ap mande frè l, sè l, neve l, nyès li, kouzen l, kouzin li ak tout fanmi a, kamarad pwomosyon l, tout zanmi ak tout kominote Inivèsite Leta a pou nou  pran kouray. Pou nou di mèsi pou gwo privilèj sa a nou te genyen pou n te konnen, pratike, viv ak yon pèsonaj nan wotè sa a.

Mèsi anpil Bèbè pou kalite  moun ou te ye a. Nou swete w bon travèse. Toujou kontinye voye je sou nou.

Mèsi anpil

CHCL, 13 Mas 2021

Fritz Deshommes

Rektè